San Konsyans [Kanaval 2019] • Roody Roodboy Manman manman – ay ay Di mwen kote w ye – ay ay Manman manman ay ay Èske wap tande m Nou bouke , nou bouke, wi nou bouke Nou pa kapab ankò leta Nou bouke, nou bouke, wi nou bouke Nou peyi a an reta Pèp la bouke manje mizè Palemantè menm ap milyonè Bwat leta yo plen raketè Opozisyon chaje magouyè Nou fout bouke Nou bouke, nou bouke - Wap voye kraze brize Nou pa kapab ankò leta - Pitit ou ap etidye a letranje Nou bouke, nou bouke, wi nou bouke (Nou genlè pran m pou egare) Nou peyi a an reta Pale le le – pale Fòk leta a pran pozisyon chita pale Pale le le – pale Fok nou jwenn yon teren dantant pou n avanse Eske konsyans yo pa touche yo Lè malere pa ka manje Kòb ameriken ap monte wo Gazolin nan pa bon mache Ay yo touye on bann jounalis – Jean Dominique...